"Kennedy, Bosch, ak Divalye” -- Kalo A. Dezinò

Yon ekstrè Il était une fois Duvalier, Bosch, et Kennedy Dezinò te pibliye an 1989. Deszinò se te yon jounalis ak istoryen moun te respekte anpil. Pi ba a, li montre kijan prezidan Repiblik Dominikenn lan, Juan Bosch, te manke fè entèvansyon pou ranvèse Divalye an 1963 lè leta Ayisyen an te vyole espas anbasad Dominiken an pou chèche yon moun ki te pran azil politik. Pandanstan, menm jan ak Bosch, Prezidan Ameriken an, John F. Kennedy te vle ranvèse diktati Ayiti a, epi li te fè merin Etazini pran pozisyon pou l rantre nan batay.

A inèdtan de Pòtoprens, lòtbò fwontyè a, gouvènman Bosch gen pi gwo fòs lame nan rejyon an nan men l. Sa k te pase sou pouvwa a anvan te kite l kòm eritaj pou li. Prezidan dominiken an  pare pou antre angè kont Ayiti avèk 10,000 enfantri, 6,000 marin, 4,000 pilòt ak 10,000 polisye.


Pandan Juan Bosh ap kenbe kokenn lame li a pare pou yo frape, sitiyasyon sou teren an ap evolye sanzatann. 8 me 1963, komandan ekip merin Ayisyen GC-8 (LakrètaPyewo) enfòme kòmandè gadkòt Ayiti ke madi 7 me, vè 6zè diswa, pandan lap fè patrouy li, GC-8 la te rankontre sèt inite merin ameriken ki te stasyone a apeprè 25 mil labè SenMak.

Anndan Repiblik Dominikenn, sitiyasyon an kòmanse tounen kont Juan Bosch. Premye defi yo soti nan stratejis lame a ki kòmanse gen dout sou [chans] siksè yo ann Ayiti malgre gwo siperyorite fòs lame dominiken an, akòz peyizaj ayisyen an ki prezante anpil obstak.

Anfas devlopman sa yo, administrasyon ameriken an sanble revize plan li yo. Yo te wè diskisyon ant chanselye ayisyen an, Rene Chalmès, ak Sekretè dEta ameriken an, Dean Rusk, kòm yon premye pa pou nòmalize relasyon ant de peyi yo. Kennedy, ki tap tann yon dezòd nan Pòtoprens oubyen pou moun ta pran zam nenpòt ki kote ann Ayiti, pou sa te ka sèvi l pretèks pou antre twoup li yo, ap pèdi kontwòl sitiyasyon an. Tout bagay trankil ann Ayiti. Sèl bwi ki genyen se yon manifestasyon pou apiye Divalye, ki vin vlope nan yon kalite mistik nasyonalis.


Prezidan John F. Kennedy
Yon echanj plizyè telegram enpòtan ant Duvalier  ak Kennedy. Dapre Le Nouvelliste (28 fevriye 1962).
Sous ► : Bibliyotèk University of Florida George A. Smathers