« Etazini ak Divalye » Steven G. Rabe

Rabel genyen Chè Ashbel Smith nan depatman Istwa nan Inivèsite Texas, nan vil Dalas. Li ekri plizyè liv sou diplomasi lagè fwad ameriken an, tankou Eisenhower and Latin America (1988) ak The Killing Zone: The United States Wages Cold War in Latin America (2011).

Nan kòmansman, Etazini te akeyi monte Franswa Divalye nan prezidans Ayiti a an 1957. Ofisyèl Etazini yo te wè Ayiti tankou yon ti peyi ki te nan bezwen, ki pat gen twòp valè, ni stratejik, ni ekonomik. Ant 1945 ak 1960, Etazini te bay Ayiti $70 milyon dola asistans ekonomik. Komès ant Etazini ak Ayiti te rive sèlman $50 milyon dola chak ane, epi Ayiti pat pwodui okenn matyè brit stratejik. Administrasyon Dwight D. Eisenhower te fin bouke ak michan koripsyon ki te karakterize prezidans Pòl Maglwa (1950-56) a epi te mete presyon sou li pou l bay demisyon l. Ofisyèl ameriken te gen espwa pou Doktè Divalye, paske li te etidye sante piblik nan Inivèsite Michigan epi li te patisipe nan pwogram Etazini te patrone pou elimine maladi tropikal tankou malarya ak tifoyid ann Ayiti.

Ak pwogram èd ekonomik Alyans pou pwogrè li a, Prezidan John F. Kennedy te angaje l pou l konstrui nan emisfè lwès la peyi ki te pwospè, progresiv epi demokratik. An 1961, Ayiti te resevwa $15 milyon dola èd ekonomik. Nan mitan ane 1962, administrasyon Kennedy a te gentan kanpe asistans li a, paske li pat kontan ak politik represiv Prezidan Divalye ni ak jan li tap vòlè resous piblik yo. Ofisyèl Etazini yo pat kontan tou jan Divalye tap eseye fè chantaj sou Etazini. Divalye te souvan menase pou l vire jwenn Kiba Fidel Castro a ak blòk kominis la si Etazini pat dakò egzijans li tap fè pou finansman pwojè l, tankou yon ayewopò ki te ka resevwa avyon djèt. Ni administrasyon Kennedy a, ni pa Lyndon B. Johnson lan te nan konfyolo ak gwoup egzile Ayisyen ki te sèmante pou yo jete Divalye. Men efò sa yo pat bay gwo rezilta. Administrasyon Johnson lan te retabli èd ekonomik – kèk $15 milyon ant 1964 ak 1968 – si tèlman Ayiti te nan mizè. Etazini te rayi rejim Prezidan Divalye a, men alafen yo te tolere diktati l la. Kèlkeswa jan yo te rayi l, Divalye pat kominis. Pandan lagè fwad la, Etazini te met plis valè sou anti-kominis ak stabilite nan Amerik Latin pase demokrasi ak jistis sosyal.