« Nwaris apre Papa Dòk » Georges Anglade (1944-2010)

Yon ekstrè « Les pièges de l’histoire » Georges Anglade te ekri epi Anne Pease McConnell te tradui ann anglè. Anglade se te yon ekriven epi yon kritik fawouch diktati Divalye a. Nan nouvèl sa a, li montre kijan nwaris yo te vin mwen radikal nan ane 1970 ak 1980 yo.

Li te mache menm jan an, sèlman yon ti kras pi dousman, tay li laj men li pat gwosi twòp, silwèt mastòk li a epi sitou gwayabèl tou blan li a te pèmèt yo rekonèt li, menm si yo te gade l pa dèyè. Se te byen Doktè bonkè an, yon ideyològ branche sou kesyon koulè a ki te kontribye pou chanjman 1946 yo e ki te patisipe nan viktwa Franswa Divalye a an 1957. Li t ap pwomnen sou gwo twotwa Kanape Vè Pòtoprens, nan direksyon machann krèm lan, antoure avèk kat pitit pitit li, li te kenbe men 2 pi piti yo. Ti gwoup sa a t ap pale anpil epi bay blag avèk yon aksan Kebekwa, ak anpil konfizyon ak kè kontan, pandan yo t ap di “Granpè, granpè”.

Se li ki te teyorisyen shòk nwaris la, e l te fò nan polemik. Ventan rechèch pou pwouve dinamik nasyonal Ayiti a pandan de syèk te chita sitou sou yon batay rèd ant nwa ak milat…

Krèm tap koule nan ti men yo ki te gen pwoblèm pou kenbe kònè yo. Mouchwa granpè a pase sou yon ti figi, pase sou yon lòt pou efase yon ti tras chokola bò isit, yon ti tras vaniy bò lòtbò. Li te reyisi rasanble ti gwoup li a soukote l pou yo ka pran wout tounen. Se lè sa a mwen te chwazi pou mwen apwoche l. Li te rekonèt mwen tousuit. Avèk kè kontan. Avèk yon kokenn eklari ki te gen valè mil pawòl, li prezante 2 ti gason blon yon kòm pititpitit li, pitit premye maryaj bofils li ki sòti Saguenay e 2 ti milatrès yo kòm pitit fi pi jèn nan pitit gason li yo.