« Fanmi Divalye a »  Elizabeth Abbott

Abbott se asosye rechèch premye nivo nan Trinity College Inivèste Toronto. Li ekri plizyè liv. Ladan yo genyen Sugar: A Bittersweet history (2009), Haiti: The Duvaliers and their Legacy (1988) ak Haiti: A Shattered Nation (2011).

An 1971, Papa Dòk, ki tap mouri, te deklare fòmèlman ke pitit li, JanKlod, ta pral suiv li kòm Prezidan-pou-lavi, epi yon referandòm tèt chat ratifye desizyon an ak 2,391,916 vwa kont 0. Afich Papa Dòk ak yon men sou zepòl byen gra pitit li a te tout kote, ak lejann « Mwen chwazi l. »

Flannè 19 an te jwenn ann eritaj yon diktati ki te fonksyone sou baz laterè ak represyon enstitisyonalize, ak yon lame ki te fèb epi yon milis sivil tout moun te konnen sou non Tonton Makout, ak koripsyon sistemik ki te fè moun anfavè yo ak asosye yo vin rich, men te kenbe milyon Ayisyen nan yon mizè di. Sou JanKlod, ki te yon etidyan dwa ki pat twò enterese nan dirije, vrè chèf Ayiti a se te manman l, Simòn Ovid Divalye ak vye zanmi l yo. Li te pè anpil pou l pat oblije pran egzil si Divalyeris yo te pèdi pouvwa yo sou Ayiti, donk Simòn te pran yon wòl aktif nan gouvènman an, li te proteje asosye l yo epi te ranfòse imaj li kòm premye dam repiblik la nan anpil evenman ofisyèl kote medya sousou a te fè repòtaj epi pran foto.


Nouvo rejim lan te fè pwomosyon tèt li kòm « liberal », men te konte sou menm machinri leta koronpi ak pouvwa Tonton Makout yo pou entimide moun. Twa mil fanmi rich, ki te plen pouvwa epi ki te gen lyen ant yo te toujou kontwole sosyete ayisyen an ansanm ak biznis ak komès pandan Divalye yo ak ofisyèl yo tap ranmase milyon nan rantre gouvènman, peman anba tab ak lajan èd etranje yo te fè fè wout krochi.

Apre sa, an 1979, yon Jan-Klod byen move te sezi kontwòl gouvènman an apre manman l ak alye l yo te bay gwo opozisyon lè l te deside marye ak Michèl Benèt, yon fanm klè divòse ak de pitit gason, ak yon papa ki te gen twounanmanch e ki tap fè trafik dwòg. Apre maryaj yo a ki te koute $3 milyon dola -- yo te mete l nan liv rekò ginès la kòm youn pami twa ki koute plis nan lemonn -- Michèl te rantre nan zafè leta nèt, epi ak pemisyon Jan-Klod, li te nome ofisyèl, li te domine minis epi dirije politik.

Divalye yo, te si tèlman voras moun pat ka kwè, te trete leta ayisyen tankou propriyete prive yo. Yo te piye santenn milye dola nan trezò a ak nan rantre piblik yo epi te enstitye yon nouvo rèy laterè ki te met protestatè sou silans, te ranpli prizon yo epi te gwosi dyaspora a.  An 1986, lè leve kanpe popilè ak kòlè entènasyonal te fòse yo kouri, Ayiti te gentan fè fayit.