«VIH/SIDA: Sante ak diskriminasyon » Donaldson Conserve

Conserve se yon bousye pòsdoktoral nan rechèch nan Inivèsite KarolindiNò nan Chapel Hill. Tèz li rele “Mwen di l m fè maladi SIDA: An Exploration of the HIV Serostatus Disclosure Experiment of Haitians Living with HIV in Haiti and the United States” (2013).

Pami faktè striktirèl ki afekte Ayisyen kap viv Ozetazini, se stigmatizasyon ki asosye ak sante, sitou stigmatizasyon ak diskriminasyon ki lye ak VIH/SIDA ki pi rèd. Sa se rezilta Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ki te met etikèt sou Ayisyen kòm gwoup ki pote risk VIH/SIDA lè epidemi SIDA a te fenk parèt. McCormick (1993) di Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a te idantifye Ayisyen kòm gwoup ki te gen risk pou pran epi bay VIH an 1982, pa akòz konpòtman yo te ka genyen tankou lòt gwoup yo, men akòz orijin nasyonal yo. Lyen san fondman sa a ant Ayisyen ak VIH/SIDA te lakòz enstitisyon ameriken te diskrimine kont Ayisyen. Pa egzanp, Administrasyon manje ak medikaman an te entèdi Ayisyen bay san akòz etikèt yo te bay Ayisyen kòm gwoup ki gen gwo risk pou VIH.

Malgre kominote Ayisyen-Ameriken an te proteste kont entèdiksyon sa a lè yo te òganize yon mach 50,000 Ayisyen pou travèse pon Brooklyn lan nan dat 12 avril 1990, epi yo te fini pa reyisi fè CDC ak FDA a retire yo nan gwoup gwo risk sa a, kèlkeswa stati VIH yo, Ayisyen yo kontinye sibi stigmatizasyon nan zafè sante Ozetazini. Efè negatif stigmatizasyon ki gen rapò ak sante selon rapò ki fèt, se stati yo pèdi, diskriminasyon, entènalizasyon epi yo pa  jwui avantaj sosyal, ekonomik, ak nan zafè swen sante (Deacon, 2006). Efè sa yo sou menm liy ak yon etid ki te fèt nan Chicago ki te sèvi ak teyori Goffman genyen sou stigmatizasyon pou analize pèsepsyon fanm Ayisyen-Ameriken genyen de stigmatizasyon ki te vini kòm rezilta lè Sant pou kontwol ak prevansyon Maladi te mete Ayisyen sou lis gwoup risk lè epidemi VIH a te fenk parèt (Santana ak Dancy, 2000). Sa pa gen twò lontan, an 2010, yon didje ki baze nan vil Nouyòk te deklare rezon ki fè li seronegatif se paske li pa gen relasyon seksyèl ak fanm ayisyen. Kominote ayisyen an te rasanble nan Nouyòk yon lòt fwa ankò pou proteste kont didje a ak stasyon radyo a, epi yo te mande stasyon radyo a sèvi ak opòtinite sa a pou bay kominote a bon jan enfòmasyon sou VIH/SIDA.

Enpak diskriminatwa etikèt gwoup risk pou VIH/SIDA yo mete sou do Ayisyen ap kontinye sof si plis efò ta fèt nan nivo nasyonal pou disosye Ayisyen ak VIH.