« Masak kochon Ayiti yo » Gerald Murray

Murray se pwofesè emerit Antwopoloji nan inivèsite Florid. Li ekri anpil zèv sou peyizan Ayisyen ak anviwonman an.

Toupatou nan Ayiti riral, kochon kreyòl byen rezitan an, ki kapab chache manje toupatou epi siviv te tounen yon zam enpòtan nan strateji sivivans ekonomik lakay peyizan an. Dabitid, yo vann yon gwo pousantaj rekòt.

Genyen nan kòb la yo depanse tousuit, men yo kenbe anpil ladan l pou jou ta gen pwoblèm – maladi, depans lantèman, maryaj, elatriye. E youn nan objektif tradisyonèl yo se te ranmase ase lajan pou pèmèt yo achte plis tè si l ta vin disponib. Men ou pa sere kòb anba nat. Kochon an te sèvi labank nan sans sa a. Yo pat gade anpil kochon pou manje lakay, sof pou kèk ra okazyon rityèl. Yo te gade pifò kochon yo kòm yon fason pou sere lajan ki te ka mobilize rapid rapid lè yo ta bezwen l. Pandan ekonomi agrè a tap diminye, gen de bagay ki te rive kochon an. Premyeman, enpòtans li te vin ogmante. Ak debwazman, erozyon ak mwens lapli ki vin tonbe, risk echèk nan agrikilti a te vin plis. Depandans relativ nan milye riral la sou kòb li tap tire nan bèt li yo te vin ogmante. Dezyèman, yo te vin plis sèvi ak vant kochon an plis kòm mwayen pou libere pitit yo, voye yo lekòl ak lespwa yo tap kalifye pou jwenn travay lavil.


Rive fen ane 1970 yo, te kapab genyen 1.2 milyon kochon ann Ayiti. Men, se alò katastròf te vin frape sou fòm Grip Kochon Afriken (ASF) ki te rive Ayiti an 1978 apati peyi vwazen an, Repiblik Dominikenn. Anpil kochon te mouri. An 1981, yon kòsòsyòm enstitisyon etranje (FAO, OEA, IDB ak twa gouvènman, ladan yo gouvènman ameriken an) plen pouvwa te konvenk gouvènman ayisyen an (1) pou touye tout kochon ann Ayiti, (2) pou dedomaje fèmye yo, epi (3) pou yo bay yo lòt kochon. Jan nou te ka atann, premye bagay la te fèt nèt, dezyèm ak twazyèm yo te fèt nan kèk ka sèlman.

Gen moun ki di pat gen epidemi vre e ke masak la pat nesesè. Nou gen dout sou sa. Kote yo te touye 400,000 kochon, gen nenpòt 600,000 mil ki petèt se ASF ki touye yo. Men, gen de bagay kote pa gen dout menm. (1) Kochon etranje yo te chwazi ak anpil swen epi yo te bon kalite jenetik. Men, yo te mande pak kochon spesyal, manje yo se nan magazen pou l te achte epi yo te bezwen sèvis vètèrinè detanzantan. Tout sa fe yo pat adapte menm pou kondisyon ekonomik ki te genyen nan zòn riral Ayiti yo. Jan yon fèmye te plenyen : « Kochon etranje a viv nan pi bèl kay epi manje pi byen pase nou. » (2) Malgre yo te touye kochon yo, ni dedomajman an ni ranplasman popilasyon kochon an pat fèt jan yo te prevwa li ak jan yo te pwomèt. Se IICA, yon branch OEA ki te jere kòb USAID a. Gen tantativ serye ki te fèt pou asire distribisyon ekitab. Men li te pi fasil pou touye kochon peyizan pase pou yo pwograme distribisyon ekitab resous ki ta dwe vin apre yo. Alafen se elit yo ki te benefisye. Se sa ki Ayiti.

Nan masak kochon 1981 a, enje a te $100 milyon dola. Trant an apre, nan Ayiti apre seyis lan, dilèm enstitisyon ki pa fonksyone byen epi ki predatè a la toujou. Kounyè a gwo predatè yo se ONG etranje, pa gouvènman Ayisyen an. Epi kounyè a se milya dola kap tann pou envèsti. Oubyen fè wout kwochi.