« Pwoblèm erozyon tè Ayiti a » Mats Lundahl

Lundahl se profesè ekonomi devlopman nan Stockholm School of Economics nan peyi Laswèd. Li ekri plizyè liv sou ekonomi ayisyen an ak anvironman an, tankou Peasants and Poverty (1979), Poverty in Haiti (2011), epi The Political Economy of Disaster (2013).

Se Ayiti ki gen erozyon tè ki pi mal nan emisfè lwès la. « Frontyè tè » ki te egziste yon lè te fèmen nan fen diznevyèm syèk la, epi rasyo moun-tè a nan agrikilti ap ogmante depi lè a. Pandan popilasyon riral la ap ogmante, y ap plante danre pou yo manje olye yo plante pyebwa, sitou kafe, sou bò mòn apik yo. Ofiamezi, gen yon tandans pou plante plis danre pou manje epi mwens danre pou ekspòtasyon. Sa grav anpil paske kafe se yon pyebwa ki proteje tè a epi ki kenbe l. Danre manje yo, okontrè, kite tè a san pwoteksyon anvan yo plante, sa ki fèt nan sezon lapli a. Kòm rezilta, chak ane, gwo lapli twopikal pote ale yon gwo kantite tè arab nan mòn ki kiltive yo. Kidonk, pandan yap ranplase danre ekspòtasyon ak danre manje, risk erozyon an vin pi plis.


Yon fwa erozyon an kòmanse, li alimante tèt li, menm lè popilasyon an pa ogmante. Pandan tè a ap detwui, fòk yo retire plis pye kafe pou fè plas pou pwodui plis manje. Erozyon se senpman  yon rediksyon nan sifas tè arab la, e nou ka di rediksyon sa a, nan nenpòt ki popilasyon ap produi egzakteman menm efè a, se kòmsi popilasyon an te ogmante nan zòn lan. Yon fwa ankò, pwodiksyon danre manje yo, epi nivo erozyon an tou, ap ogmante, pandan pwodiksyon danre ekspòtasyon an ap diminye.

Pwosesis erozyon sa a mete yon gwo presyon sou rantre kòb peyizan yo pou plis pase yon syèk. Defèt li pa fasil. Sa ap mande anpil lajan, epi benefis yo ap sèlman parèt pita. Li mande kowoperasyon tou, paske si yon sèl peyizan chwazi plante an teras epi vwazen li yo pa fè l, gen gwo chans pou lapli pote teras li yo ale kanmenm.