« Ayiti ak kominote entènasyonal la » Josh DeWind

DeWind se direktè Pwogram migrasyon Konsèy Rechèch sou Syans Sosyal a. Li menm ak David Kinley te ekri ansanm Aiding Migration: The Impact of International Development Assistance on Haiti (1989). DeWind te ko-edite tou Rethinking Migration: New Theoretical and Emprical Perspectives (2008).

An 1981, lè diktatè Jan-Klod (“Bebe Dòk”) Divalye te prezidan Ayiti toujou, ajans devlopman entènasyonal ak ajans finansye ki te reyini anba ospis Bank Mondyal te fòmile yon strateji devlopman baze sou ekspòtasyon ki te sipoze transfòme sosyete ak politik ayisyen.


Anvan sa, agrikilti ak endistri Ayisyen yo te sitou pwodui danre pou konsonmasyon lokal, men nouvo apròch la te fèt pou rale travayè Ayisyen nan faktori lavil ak agribiznis riral ki tap vann pwodui yo aletranje, sitou Ozetazini. Ekspòtasyon balon besbòl ak pat mango ta pral ranplase vant lokal atizana ak diri. Ak salè yo tap jwenn nan pwodiksyon pou ekspò, yo te atann yo aske travayè Ayisyen yo tap achte manje, rad ak lòt pwodui ki fèt aletranje. Envèstisman etranje an partenarya ak antreprenè Ayisyen tap pèmèt plis moun jwenn travay, ranfòse klas mwayenn lan epi bay nouvo lidè yo ankourajman epi mwayen pou pote refòm politik epi enstitye gouvènans demokratik efikas.

Strateji devlopman sa a te konsistan ak chanjman pou sòti nan asistans entènasyonal bay gouvènman pou rantre nan yon asistans ki te santre sou biznis prive ki te kòmanse ak Inisyativ Basen Karayib la (ki te enstitye pandan manda Ronald Reagan), li te vin devlope plis ak Ak kòmès lib Amerik diNò (NAFTA), epi te laji plis toujou ak liberalizasyon epi restriktirasyon envèstisman ekonomik, pwodiksyon ak komès “konsèsis Washington” lan.

Kwasans ki baze sou ekspòtasyon kontinye domine kòm strateji devlopman Ayiti jouk jounen jodi a epi se li ki konstitye baz redresman apre-tranblemanntè aktyèl la ak politik devlopman ajans entènasyonal ak gouvènman ayisyen an. Men, pou yo jwenn benefis devlopman ki baze sou ekspòtasyon nan mache mondyal la, ti peyi tankou Ayiti oblije tire avantaj de “avantaj konparativ yo,” ki nan ka Ayiti se sitou fòs travay li genyen ki pa chè konpare ak lòt, yon rezilta mizè ki la depi lontan an. Depandans strateji sa a sou fòs travay bon mache kreye yon paradòks santral: pandan lide kreye plis travay ak salè se baz pou fè travayè ayisyen ak fanmi yo soti nan mizè, salè kap monte dekouraje envèstitè etranje travay ak faktori Ayisyen oubyen envèsti nan biznis agrikilti. Gouvènman an vin kwense nan mitan de reyalite sa yo. Li pa kapab satisfè bezwen anplwayè yo ni defann egzijans travayè yo. Kalite kontradiksyon striktirèl sa yo fristre volonte politisiyen ki ta ka sèvi ak gouvènman an pou amelyore byennèt jeneral an Ayiti epi pèpetye kawo ak inefikasite konpetisyon ant lidè endividyèl ki depi twò lontan an konpetisyon pou asire enterè pèsonèl plizyè ti gwoup.

Pwodui nasyonal brit pa tèt moun ann Ayiti desann regilyèman depi ane 1980 yo. Destriksyon enfrastrikti piblik ak prive tranblemanntè [2010] la rann bagay yo pi difisil an Ayiti. Vrèman vre, menm si se pat sa l te vle, konsekans devlopman ki baze sou ekspòtasyon an se pwolongasyon mizè Ayiti a.