« Fanm nan endistri asanblaj » Mireille Neptune Anglade (1945-2010)

Yon ekstrè L’autre moitié du développement : à propos du travail des femmes en Haïti  Anglade te pibliye an 1986. Anglade se te yon ekonomis feminis ki te proteste kont fason yo te trete travayè fanm nan faktori Ayiti yo.

Devlopman endistri soukontra a posib akòz li pat gen gwo depans gras a ouvriye li yo, ki pat nan sendika e pifò ladan yo se te fanm.

Kòm pa genyen statistik ofisyèl, nou panse li plis posib ke te gen apeprè 40,000 ouvriye nan lane 1980. Kòm pousantaj ouvriye ki te fanm yo te nan zòn 70 pousan (gen lòt otè ki di li te rive jiska 75 pousan), te kapab genyen 28,000 fanm ouvriye konsa ane sa a.

Travay fanm yo nan endistri asanblaj la sèvi pou pwodui richès, ki sòti premyèman nan transfè sektè sa a bay lòt sektè entèn, tankou komès pwodui yo te fabrike nan peyi a, e dezyèman pou yo rive nan sektè ekstèn yo. Sektè sa yo gen anpil randman kapital transnasyonal pase yo fè gwo prelèvman, pifò soti nan salè pete fyèl fanm ayisyèn yo. Nan yon lòt nivo, entèmedyè lokal yo, sa vle di gwo chèf antrepriz yo ap sèlman jwenn gwo pwofi pa yo ak lòt avantaj « kòmandè atelye » si yo konn kòman pou yo kenbe salè travayè fanm yo pi ba ; konsa, gen yon presyon ki fèt pou bese tout salè sektè endistriyèl yo. Yon lòt koze se kouman salè travayè gason yo pi elve pase salè travayè fanm yo, selon yon lòd ekonomik patriyakal ki vle non sèlman gason yo touche plis men li vle se fanm yo ki pou resevwa salè debaz ki pi ba yo, (alòske se fanm yo ki chèf fanmi monoparantal yo), men tou fòk fanm yo travay dirèkteman pou gason yo ki mande yo pi plis toujou, pati domestik « jounen doub » yo. Pou fini, nou kapab di pwojè devlopman endistriyèl la, jan yo konsevwa l se yon eksplwatasyon brital, dirèk oubyen endirèk, sou travay fanm yo.