« Botpipòl » Tekla Nicholas

Nicholas se yon kandida doktora nan depatman etid global ak sosyokiltirèl nan Florida International University. Tèz li pral chita sou edikasyon Ayisyen-Ameriken Ozetazini.

Degradasyon ekonomik ak represyon politik ann Ayiti sou Prezidan Jan-Klod Divalye te lakòz yon egzòd nan tout peyi a. Ayisyen te sere kò yo nan tout kalite bato – pifò pat fèt pou lanmè - pou tame vwayaj 720 mil la pou rive Ozetazini. Kèk 70,000 refije Ayisyen te rive sou bato ant 1977 ak 1981. Gwo malè, gen anpil ki te mouri nan wout.

Malgre anpil nan yo te al Ozetazini pou chape anba vyolans politik, administrasyon Ronald Reagan lan te ensiste pifò nan yo se te « migran ekonomik, » ki pat gen okenn baz lejitim pou yo mande azil. Yo te mete anpil Ayisyen ki te rive Ozetazini nan prizon oubyen depòte yo. Pandan plis Ayisyen tap rive sou bato, gouvènman Etazini a te kòmanse fè depòtasyon yo pi rapid. Li te trete ka azil yo rapid rapid, souvan san yo pat gen ase reprezantasyon legal, oubyen menm pat genyen ditou.

Moun tankou Pè Jera Jan Jis ak Ira Kurzban nan foto ki pi ba a te bay kòm agiman politik gouvènman Ameriken an te rasis paske objektif li se te pou evite refije nwa rantre nan peyi a. Yo te montre tou ipokrizi a lè Etazini te akeyi refije ki tap kouri pou rejim kominis Fidel Castro a nan Kiba. Lè lidè dwa sivil ak lòt gwoup politik ak relijye ki te pran kòz Ayisyen te proteste, gouvènman Etazini a te bay Ayisyen ki te rive anvan 10 oktòb 1980 yon stati legal tanporè nan kad Pwogram pou Refijye Kiben-Ayisyen la. Politik ki tap vin apre tap bay kèk Ayisyen chans pou yo jwenn rezidans pèmanan epi evantyèlman vini sitwayen Ameriken.

Depi 1981, Gad Kot ameriken ap suiv yon program entèdiksyon pou kenbe bato yo sispèk ap pote migran Ayisyen ki pa otorize. Soti 1981 pou jouk jounen jodi a, yo kenbe plis pase 118,000 Ayisyen. Yo voye pifò nan yo tounen Ayiti. Malgre nou pa konnen konbyen Ayisyen ki te rive sou kot Ameriken, statistik detansyon sa yo sigjere anpil Ayisyen, menm jodi a, monte bato ak entansyon rive Ozetazini.