« Tilegliz ak teyoloji liberasyon » Terry Rey

Rey se Pwofesè asosye Relijyon nan inivèsite Temple. Li ekri Our Lady of Class Struggle: The Cult of the Virgin Mary in Haiti (1999) epi li se youn nan otè Churches and Charity in the Immigrant City: Religion, Immigration, and Civic Engagement in Miami (2009).

Menm si se ak Amerik Santral ak Brezil li plis asosye, pa gen kote teyoloji liberasyon te gen plis enpak konkrè ke ann Ayiti, kote li te kontribye anpil nan jete yon diktati brital epi nan eleksyon yon pè katolik liberal, lidè pi karismatik li te genyen an, nan prezidans nasyonal la.

Teyoloji liberasyon te anvayi legliz katolik ann Amerik Latin nan ane 1970 ak 1980 yo, li te fè fidèl yo depi soti Chili pou rive Meksik kwè Krisyanis ta dwe montre “yon opsyon preferansyèl pou pòv yo” epi konbat lamizè ak enjistis mas yo tap sibi. Katolik layik te òganize “kominote baz legliz” pou yo te ka ankre legliz la nan monn materyèl yo epi transfòme l pou l vin yon zouti chanjman sosyal ak politik byen puisan. Se an 1974 Ayiti te rantre nan mouvman an, lè premye kominote baz legliz li oubyen kominote tilegliz te etabli nan vilaj nò Mon Òganize. An 10 an, te gen 5000 gwoup konsa nan tout peyi a, epi legliz katolik ayisyen an, ki depi lontan te alye politik elit la, te vin pi gwo defansè pòv yo nan peyi a.

Leplisouvan, reyinyon tilegliz yo kòmanse ak lapriyè ak kantik, apre sa gen lekti biblik epi refleksyon sou kijan yo enpòtan pou lit pèp la, tout sa fèt leplisouvan alòske pa gen yon pè katolik sou plas. Anpil lidè relijye katolik, tankou Pè Pollux Byas (yo di se li k te vin ak ekspresyon tilegliz la), ak Monseyè Willy Romélus, evèk Jeremi a, te byen akeyi valè abaz lafwa mouvman an – alfabetizasyon, demokrasi, dwa moun ak diyite. Valè sa yo, ansanm ak denonsyasyon abi sou dwa moun lame a ak lòt ajan diktati Divalye a, tankou Tonton Makout tout moun te pè yo te fè, te difize atravè Ayiti sou radyo, sitou sou Radyo Solèy, stasyon an kreyòl legliz la.

Akòz rankin sa a ki te byen chita, rejim Divalye a te vin sible manm tilegliz yo ak teyolojyen liberasyon yo pou elimine yo. Rejim lan te fèmen Radyo Solèy an 1985. Men, sa pat mache epi nan ane apre a, yo te met Divalye deyò sou pouvwa a. Senk an apre sa, yon gwo majorite vòt popilè a te mete Pè Jan-Bètran Aristid prezidan.

Tilegliz yo ak teyoloji liberasyon preske fin disparèt nèt nan vi relijye Ayisyen nan ane ki sot pase yo. Se mouvman karismatik la, yon michan mouvman Pantkotis sou fòm katolik li ki vin ranplase l nan legliz katolik la. Mouvman sa a pa enplike l nan politik menm jan tilegliz te fè l. Men, eritaj tilegliz la toujou rete, epi akòz efò li, legliz katolik ann Ayiti vin « moun Bondye » plis pase anvan, epi pa gen fè bak sou sa.