« Diktati Divalye a Tonbe » Amy Wilentz

Wilentz se pwofesè Politik nan Inivèsite Kalifòni nan vil Irvine. Li ekri plizyè liv, tankou The Rainy Season: Haiti since Duvalier (1990) ak Farewell, Fred Voodoo: a Letter from Haiti (2013).

Si Bebe Dòk te rete sou pouvwa a pandan kenz an, se te gras a kèk konseye papa l ki te gen anpil enfliyans epi vyolan, men gouvènman l lan te kòmanse afiche siy li tap pèdi fòs nan fen ane 1970 yo lè prezidan Etazini a, Jimmy Carter te kòmanse mete presyon sou Divalye pou l mete fen nan abi dwa moun ann Ayiti. Jan rejim lan te ede nan eliminasyon kochon kreyòl yo -- ke dabitid yo konsidere kòm kont depay peyizan an -- Etazini te sibvansyone a te afebli Divalye plis toujou.


Pandan pouvwa li tap relache, pèp Ayisyen an, ki te santi vilnerabilite l epi ki te degoute akòz program eliminasyon kochon yo ansanm ak abi Tonton Makout ak minis ak fanmi Divalye yo, te kòmanse leve kont rejim lan. Pandanstan, ekonomi Ayisyen an tap vin pi mal, anpati akòz lapè SIDA nan kòmansman ane 1980 yo, ki te deranje komès touris nan Pòtoprens ak Jakmèl anpil.

Gwo rebelyon san kache kont Divalye te kòmanse nan kapital agrikòl enpòtan Gonayiv la an 1985, apre otorite yo te touye kat timoun lekòl pandan yon manifestasyon kont gouvènman an. Manifestasyon te gaye epi nan fen janvye 1986, li te klè gouvènman ameriken an pat ka tolere enstabilite feblès ak move jijman Divalye a te lanse a. Depatman Deta a tap travay ansoudin pou l jwenn yon ranplasman ki te apropriye – Etazini pat renmen ide yon foul Ayisyen ki tout ta pral anvayi l pou mande stati refijye politik. Vrèman vre, Divalye kite peyi a 7 fevriye 1986. Yo te ranplase l ak yon jent sivil-militè ki te sipoze òganize eleksyon.

Apre l fin ale, anpil gwoup moun te pran lari a nan yon mouvman ki rele dechoukaj, yon tèm agrikòl. Dechoukaj la se te yon gwo mouvman ki te sible fonksyonè rejim Divalye a ansanm ak manm Tonton Makout yo ak oungan ki te asosye ak rejim lan. Pandan dechoukaj la, yo te touye anpil nan moun sa yo, ansanm ak lòt ki te viktim kont pèsonèl ki tap regle sou pretèks se te dechoukaj. Yo te boule oubyen piye anpil biznis ak kay asosye ak ofisyèl rejim lan oubyen fanmi Divalye yo.

An novanm 1987, yo te oblije kanpe premye tantativ jent la te fè pou fè eleksyon apre eskadron paramilitè pou bay lanmò te atake elektè yo epi touye yo nan biwo vòt yo. Se sèlman kat lane apre Divalye fin tonbe ke eleksyon lib te fèt. Ladan yo, ansyen pè ak teyolojen liberasyon Jan-Bètran Aristid te genyen eleksyon an kòm prezidan nan yon demonstrasyon volonte politik pèp ayisyen an ki pase nan listwa.