« Mouvman demokratik la » Fritz Deshommes

Deshommes se pwofesè ekonomi nan Inivèsite deta Dayiti. Li ekri plizyè liv tankou Haïti : la nation écartelée (2006). Pi ba a, Deshommes eksplike kijan plis pase 800 reprezantan te patisipe nan premye kongrè nasyonal mouvman demokratik yo nan kòmansman ane 1987.

Yo te plis pase 800. Yo sòti nan tout kwen peyi a. Yo tout reprezante òganizasyon, pifò ladan yo fenk parèt. Yo tout ap reve chanjman.

Kidonk, ak fòs ki soti nan konviksyon peyi a kapab fonksyone yon lòt jan, pase nou tout konsène nan sa kap pase a, menm sa yo rele « lelit » ladann e se nou menm, Ayisyen, ki pou fè chanjman ki nesesè yo – pèsonn pa ka aji nan plas nou -, yo te reyini nan yon « Kongrè Mouvman Demokratik ».


Peyizan, ouvriye, entelektyèl, komèsan, endistriyèl, atizan, pè katolik, pwotestan, vodouyizan. Yo te plis pase 800. Plis pase 800 delege ki te manm 284 òganizasyon tabli nan diferan rejyon peyi a. Tout ak sitirasyon ki chaje tèt yo, pwoblèm pou yo debat, kesyon pou yo poze. Men tou vizyon pou lavni, rèv, pwojè pou yon sosyete. Yo pat janm rankontre oubyen yo pat kontre souvan anvan jou sa a. Zòt pat di « Mete de Ayisyen ansanb, yap fonde twa pati politik ». Epoutan, yo te diskite pandan kat jou e yo te menm rive dakò sou yon pwojè sosyete tou nèf.

Popilasyon an te tèt anba, li te santi li san fòs pou kontre machin [neyoliberal] Minis Finans epòk la ak gouvènman militè CNG a te mete anplas. Kidonk, li te tan pou nou te jwenn lòt enstriman pou n batay, pou n pote batay la sou lòt teren. Se konsa nou vire gade bò konstityan yo, yo menm yo te pwofite pou yo rann travay yo a lejitim e ba li yon sans pou pèmèt yo ale nan sans kesyon sosyete a t ap poze.

Diferan pèsonalite, òganizasyon sivik, asosyasyon pwofesyonèl, òganizasyon sosyete sivil tout kalite nan tout kwen peyi a te patisipe nan elaborasyon Konstitisyon sa a, sa ki fè li se yon travay kolektif ki rive rasanble revandikasyon epòk la.

Kontrèman a sa majorite moun kwè, Konstitisyon 1987 la se pa sèlman atik 291 la. Se refòm agrè, se desantralizasyon, se patisipasyon, se enklizyon, se batay kont diskriminasyon ak eksklizyon, se aksè pou tout moun kapab sitwayen, san pa gen paspouki sou baz klas, ras, lang oubyen relijyon.