« Pè Prezidan Ayiti » Hyppolite Pierre

Pierre ap anseye syans politik nan American Public University. Li ekri Haiti, Raising Flames from Burning Ashes: Haiti the Phoenix (2006).

Jan-Bètran Aristid, ki te vin tounen figi politik epòk apre-Divalye a pou kenz pwochenn ane yo te yon pratikan teyoloji liberasyon an ki te vin popilè anpil nan Amerik Latin nan ane 1960 ak 1970 yo. Li pat janm yon maksis, jan lenmi l yo pretann li, men pito li te yon pè radikal ki te di yon fwa nan yon rali piblik ke “kapitalis se te yon peche motel.” Si yon bagay te karakterize Jan-Bètran Aristid, se te jan li te sèvi ak lang ayisyen an byen pou l te transmèt yon mesaj lespwa ak fyète bay mas yo. Menm si Bebe Dòk Divalye te youn nan premye, si se pa premye pou te fè yon diskou nèt nan lang ayisyen an, Kreyòl,  Aristid te elve zouti kominikasyon sa a nan yon nivo san parèy. Li te sèvi ak imajri powetik ak kiltirèl pou elve konsyans politik. Yo te admire l pou sa, e te menm egare pou li. Pa sèlman moun ki te nan klas enfèryè yo, men pati nan klas mwayenn epi menm eleman progresiv nan elit la. Li te pwouve yon fwa ankò enpòtans kilti nan politik. Vrèman vre, lang se yon fòm ekspresyon kiltirèl ki gen anpil pouvwa. Aristid te sèvi avè l kòmsi pou l te di li tap aksepte kilti popilè a nan tout fòm li, ak fòs li epi ak defo l. Se te petèt yon leson ki te enpòtan pou tout moun. Alòske l tap vin gen plis popilarite epi yo tap vin rekonèt li plis, lòt politisyen yo te vin anvye Aristid epi anpil nan yo te wè l kom lenmi. Ladan yo te genyen rejim militè ki te vin youn apre lòt sou pouvwa a ant 1986 ak 1990. Li te siviv tantativ yo fè pou asasine l, li te tounen chouchou gochis yo, epi se konsa li te kòmanse karyè politik li.


Patizan san repanti Aristid yo kapab eseye jwenn konsolasyon nan kwè ke Aristid pa t yon pè vyolan li menm. Men konklizyon an pa senp konsa. Menm antanke pè nan legliz Sen Jan Bosko nan Pòtoprens epi lòt kote tou, Aristid te sèvi ak yon langaj ki souvan te vyolan pou fè pase bezwen refòm politik. Sa te kreye yon atmosfè laperèz kay moun ki te santi yo te sible. Pi mal toujou, lè l te vin prezidan Ayiti, yon ti tan anvan koudeta kont li ki ta pral koute milye vi, Aristid te fè yon diskou politik lè l tap tounen sot nan yon reyinyon ànyèl chef leta nan Nasyonszini, kote li te pale de fòm lanmò moun te pè anpil yo te administre bay Divalyeris yo kòm yon avètisman sa k te ka pase moun ki te nan konplo si yo ta retire l sou pouvwa a. Apre sa, detraktè l yo ak moun ki te apiye koudeta a te distribye videyo diskou sa a ki montre yon Aristid plen rankin kòm jistifikasyon pou yo te wete l sou pouvwa a.