« Anbago a » Glodel Mezilas

Mezilas se pwofesè nan Universidad Nacional Autónoma de México. Li ekri Haití más allá del espejo (2011) ak Généalogie de la théorie sociale en Amérique Latine (2013), epi li ekri plizyè atik sou epistemoloji ak filozofi kilti ann Amerik Latin ak Karayib la.

Kòm rezilta koudeta militè kont Prezidan Jan-Bètran Aristid la an 1991, Nasyonzini (UN), Ayiti se yon eta manm fondatè ladan l, te met sanksyon sou lame ayisyen an, li te enpoze yon anbago, ak objektif pou li fè peyi a tounen nan demokrasi pi rapid. Koudeta militè a te fèt nan yon moman kote peyi a te kòmanse respire yon lòt epòk demokrasi, lapè ak rekonstriksyon nasyonal apre 29 lane diktati. Koudeta a te gen pou misyon pou l te retabli « ansyen rejim » lan ak sipò boujwazi a, zèl konsèvatè lame a, manm milis paramilitè epi Etazini DAmerik.

Anbago a te gen anpil konsekans pou peyi a. Nan nivo ekonomik, peyi a te pèdi yon ka nan pwodiksyon li soti 1992 pou rive 1994. Li te vin pi pòv pase jan l te ye anba diktati dinasti Divalye a. Pwodiksyon pa tèt moun te estime nan $250 pa ane. Nan nivo manje, Ayiti pat ka menm pwodui detyè sal te pwodui kèk ane anvan. Plis pase 70 pousan Ayisyen tap viv ak mwens pase $1 pa jou. To mòtalite timoun te monte epi ekspò te desann. Ekspò te rive nan $226 milya an 1980, men te tonbe rive nan $110 milya an 1995. Pwodui enteryè brit la te tonbe 30 pousan ant 1991 ak 1995. Pandanstan, popilasyon an tap ogmante ant 2 ak 3 pousan pa ane. Nan menm epòk sa a, pwodiksyon sereyal la te diminye. Dezas ekonomik la te gen enpak sou konfigirasyon sosyal la, kesyon ibànizasyon ak mizè pou tout sosyete a.

Nan nivo politik, anbago a te afebli leta ayisyen an, ki te deja fèb. Lame a pat ka anpeche Prezidan Jan-Bètran Aristid tounen an 1994 oubyen pwòp demobilizasyon li an 1995. Pou fini, ann di anbago a te ranfòse depandans leta ak ekonomi ayisyen an sou etranje, li te limite kapasite nasyonal la pou fè fas ak defi yon nouvo lòd mondyal. Retou nan demokrasi an 1994 pat debouche sou redrèsman ekonomik oubyen konsolidasyon leta a.