« Reveran Jera Jan-Jis ak Sant Refije Ayisyen nan Miyami » Alex Stepick

Stepick se Pwofesè Sosyoloji nan Portland State University. Li ekri epi edite plizyè liv sou kominote ayisyen ki Ozetazini a ak imigrasyon tankou Pride against Prejudice: Haitians in the United States (1998), This Land is Our Land: Power and Interethnic Relations in Miami (2003), ak Immigrant Faiths: Transforming Religious Life in America (2006).

Sant Refije Ayisyen (HRC) te kòmanse nan mitan ane 1970 yo pa ofri refije yo asistans legal, li te fè reyinyon lè samdi swa pou mete refije yo okouran evenman legal, epi gen defwa li te òganize manifestasyon lokal. Nan fen 1975, li te resevwa yo gwo boustè lè Konsèy Nasyonal Legliz yo te etabli Haitian Refugee Concerns. Se klè entansyon orijinal li te politik, pou l òganize migran Ayisyen yo ak gwoup sipò kominotè. Toude bagay sa yo te vin fè youn epi nan mitan 1978, yon gwoup ki te gen Ayisyen nan tèt li, Combit Liberté (yo re rebatize l Veye-yo apre Divalye fin tonbe an 1986)  te parèt e te vin prensipal vwa politik refije ayisyen Miyami yo.


Reveran Jera Jan-Jis te direktè egzèkitif Sant Refije Ayisyen an epi chèf Combite Liberté depi lè l te rive Miyami sot Boston an 1997 pou jouk 1990 lè l te kite Miyami pou Ayiti kote li te rantre nan gouvènman Prezidan Jan-Bètran Aristid ki te fenk monte sou pouvwa a. Nan kòmansman, Jan-Jis te kite Ayiti kòm jenn gason epi te al nan seminè PòtoRiko. An 1971, yon evèk Ayisyen egzile Nouyòk te ba l òdinasyon. Apre sa li te aprann Ayisyen nan Boston anglè. Lè l rive Miyami, li te kritike evèk lokal la paske li pa t fè anyen pou refije Ayisyen yo. Yerachi Katolik lokal la te vin ostrasize l, yo te anpeche l chante lamès nan zòn lan. Pandan tout tan li te fè Miyami, li te renmen wòl li pou fè konsyans pouvwa lokal pa janm bliye zafè Ayisyen an epi li se te pòtpawòl Ayisyen yo te site pi souvan. Opozisyon vokal li devan statis kwo a te fini pa fè òganizasyon an pèdi sipò Konsèy Nasyonal Legliz la. Fondasyon Ford la te ranplase l pandan kenz an.

Si se vre aktivite politik Jan-Jis ak HRC a te parèt anpil, sèvis legal HRC te bay yo te pi enpòtan nan fòmasyon kominote ayisyen Miyami a. Pifò travay la se te reprezante Ayisyen nan tribinal pou zafè azil. Se sitou avoka ki pat Ayisyen ki te fè travay sa a ansanm ak asistan legal ayisyen. Travay pi enpòtan an se te pwosè aksyon kolektif pou reklamasyon azil ayisyen. Viktwa legal yo te antrave efò gouvènman Etazini pou l te mete fen nan foul Ayisyen ki tap rive nan sid Florid la. San viktwa legal sa yo, nou kapab di gouvènman Etazini a tap reyise nan efò li e yon nwayo kritik kominote ayisyen Miyami a pa tap janm pran fòm.

Tout pandan ane 1980 ak 1990 yo, HRC a te sant fizik akitivite politik nan Little Haiti. Lè diktatè Jan-Klod Divalye te kite Ayiti an 1986, Ayisyen te fete nan lari a devan HRC. Lè lame a te pran kontwòl ak plizyè koudeta repete, chak fwa menm lari a te chaje ak manifestasyon. Lè ansyen pè Jan-Bètran Aristid te vizite Miyami pou l fè kanpay pou prezidans lan, HRC te òganize gwo manifestasyon pou sipòte demokrasi. Nenpòt lè medya nasyonal oubyen lokal te vle yon sitasyon sou refije Ayisyen oubyen politik ann Ayiti, premye kote yo te ale se te nan HRC.

Finalman, apre yo te remete Aristid kòm prezidan an 1994 epi kantite refije a te diminye anpil, HRC te vin pèdi pi gwo objektif li ak entansite li. Medya a te rele mwen souvan epi Ayisyen te pèdi solidarite yo devan diktatè militè yo. Anvan de ane fin pase, Fondasyon Ford te koupe finansman li tap bay HRC. Fakti te rete san peye, te gen mwens staf epi travayè yo tap mande tèt yo ki lè lafen an tap rive.