« Dizyèm depatman an » Michel S. Laguerre

Laguerre se pwofesè ak Direktè Berkeley Center for Globalization and Information Technology nan Inivèsite Kalifòni nan vil Berkeley. Li ekri Diasporic Citizenship: Haitian Americans in Transnational America (1998) ak Diaspora, Politics, and Globalization (2006).

Ant 1986 ak 2003, yo te konsevwa dizyèm depatman an kòm yon sikonskripsyon teritoryal Repiblik Dayiti ki lòtbòdlo nan dyaspora a. Rive nan 1962, Ayiti te divize an 5 depatman (Latibonit, Nò, Nòdwès, Wès ak Sid). Nan ane sa a, yo te divize peyi a an 9 depatman (Latibonit, Sant, Grandans, Nò, Nòdès, Nòdwès, Wès, Sid ak Sidès). Apre rejim diktatoryal kleptokratik Divalye a te fin tonbe an 1986, ofisyèl gouvènman an, lidè politik nan dyaspora a epi analis inivèsitè te sèvi ak konsèp dizyèm depatman an anpil pou pale de dyaspora a pou reflete kontribisyon manm li yo nan refondasyon peyi a (peyi ki travèse frontyè a) ak rekonstriksyon leta a (leta elaji). Apre depatman Nip la, ki fèt apati depatman Grandans te vin tounen yon lòt depatman ofisyèl anndan teritwa peyi a (Latibonit, Sant, Grandans, Nip, Nò, Nòdès, Nòdwès, Wès, Sidès ak Sid), yo vin preske pa sèvi ak dizyèm depatman ankò pou pale de dyaspora Ayisyen an. Jiskaprezan pa gen okenn tantativ pou batize dyaspora a kòm onzyèm depatman an.

Pratik fè referans a dyaspora a kòm yon inite demografik leta a pa fèt ann Ayiti sèlman. Lòt peyi devlope yon strateji menm jan an pou menm rezon an, sa vle di, pou redefini nasyon an pou fè dyaspora l rantre ladan l – konsa yo fè l tounen yon kosmonasyon – epi pou rekonèt kontribisyon dyaspora a nan fasone akonplisman ak destine patri a. Nan kontèks sa a, nou kapab konprann poukisa yo wè dyaspora fransè a kòm “27yèm rejyon Lafrans,” dyaspora polonè a kòm “katriyèm pwovens Lapolòy,” epi dyaspora peyi Chili kòm “14yèm rejyon Chili.” Idantifikasyon dyaspora a kòm yon rejyon, yon depatman oswa yon pwovens gen potansyèl pou kreye pwoblèm kote yo oblije chèche yon lòt non si peyi a deside redefine frontyè inite elektoral li yo jan nou wè l nan ka Ayiti a. Men, yon fason pratik pou rezoud pwoblèm posibilite repetisyon sa a se defini oubyen identifye dyaspora a kòm yon sikonskrispyon leta a (“11yèm konstityan”), jan Krowasi fè l.