« Entèvansyon Etazini a » Philippe R. Girard

Girard se yon Pwofesè Asosye Istwa nan McNeese State University. Li ekri plizyè liv tankou Clinton in Haiti: The 1994 U.S. Invasion of Haiti (2004) ak Haiti: The Tumultuous History – From Pearl of the Caribbean to Broken Nation (2010).

An septanm 1991, apre sèlman sèt mwa sou pouvwa a, yon jent militè ayisyen Rawoul Sedras te dirije te ranvèse prezidan ayisyen an Jan-Bètran Aristid. Etazini te divize sou bon politik pou l ta adopte. (Wè dokiman pi ba a sou seyans nan palman an sou sa). Administasyon George H. W. Bush la te enpoze sanksyon ekonomik sou rejim Sedras la, men anpil konsèvatè pa t vle fè twòp pou remete yon pè gochis ki te asosye ak teyoloji liberasyon sou pouvwa a. Men, apre li te fin enstale kòm prezidan Etazini an 1993, Bill Clinton te batay san rete pou Aristid. Li te anba presyon Congressional Black Caucus ak lobiyis Aristid te angaje. Motif politik pèsonèl te enspire l tou : pou rete foul refije Ayisyen ki tap rive Florid, pou defann yon prezidan ki te pase nan eleksyon demokratik epi pou refè kredibilite l kòm kòmandan an chèf ki te soufri akòz echèk politik etranje nan Somali ak Wanda. Twoup ameriken te ateri Ayiti an septanm 1994. Nan kòmansman an, Ayisyen, ki te twò kontan wè Aristid tounen kòm prezidan te akeyi yo kòm liberatè. (Gade ilistrasyon anba a ki montre Ayisyen ki antoure machin Etazini yo). Kominote entènasyonal la te promèt milya dola èd tou pou ede remonte ekonomi Ayisyen an, men kont politik ant Aristid, rival lokal li yo ak sipòtè entènasyonal li yo, ansanm ak enkyetid sou souvrennte nasyonal te debouche byen vit nan yon enpas politik. Prezans militè ameriken an pat kapab kreye pwogrè politik ak ekonomik ki tap dire ann Ayiti, sa ki te mennen nan yon desepsyon jeneral lè dènye twoup ameriken yo te kite Ayiti an 2000.