« Nasyonzini ann Ayiti » Erica Caple James

James se pwofesè asosye Antwopoloji nan Massachussetts Institute of Technology. Li ekri Democratic Insecurities : Violence, Trauma, and Intervention in Haiti (2010).

Ayiti te pami 26 peyi ki te premye siyen ak konstitif Nasyonzini a, dokiman ki ta pral kreye Nasyonzini lè li te vin efektif 24 oktòb 1945. Anplis asistans bilateral li resevwa de Etazini ak lòt peyi, apati fen ane 1940 yo pou jouk kounyè a, Ayiti resevwa plizyè fòm èd imànitè ak èd pou devlopman nan men ajans Nasyonzini yo (egzanp : Òganizasyon Mondyal Sante, UNESCO, UNICEF ak UNDP).


Dimansyon ak karaktè èd Nasyonzini bay Ayiti chanje yon fason dramatik 30 septann 1991 lè lame ayisyen an te ranvèse premye prezidan peyi a ki te monte sou pouvwa a apati eleksyon demokratik, ansyen pè Jan-Bètran Aristid, epi te kòmanse yon peryòd twa lane lè detansyon, maspinay, moun kap disparèt, vyòl kolektif epi asasina te zouti laterè ki te siprime sektè pro-demokrasi a. Apre yon rezolisyon Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) ki te mande pou okenn peyi pa rekonèt rejim defakto a, 11 oktòb 1991, asanble jeneral Nasyonzini a te enpoze sanksyon ekonomik sou Ayiti pou provoke restorasyon lòd konstitisyonèl la. Men, nan kòmansman an, efò sa yo pat gen efè. An fevriye 1993, yon misyon sivil Nasyonzini ak OEA te debake pou fè rapò sou abi dwa moun ki tap fèt nan peyi a pandan koudeta a. Apre yo pat rive mete ann aplikasyon akò Governors Island ki te fèt 3 jiyè 1993 – yon mezi ki te negosye pou lidè militè yo kite Ayiti ann echanj pou amnisti, epi pou te bay asistans entènasyonal pou restriktire epi modènize lame a, ansanm ak kreye yon nouvo fòs polis sivil anba sipèvizyon Nasyonzini (ansanm ak lòt pwovizyon) – 31 jiyè 1994, Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize Rezolisyon 940, ki te kreye yon fòs miltinasyonal ak 20,000 manm pou restore demokrasi ak eta lwa ann Ayiti. Ant 1994 ak 2000, plizyè misyon Nasyonzini pou kenbe lapè tap mobilize, soti nan Misyon nasyonzini ann Ayiti an 1995 (UNMIH), pou rive nan Misyon sipò Nasyonzini an Ayiti (UNSMIH), ak Misyon polis sivil nasyonzini ann Ayiti (MIPONUH) ak Misyon tranzisyon Nasyonzini ann Ayiti (UNMIH). Kèk kritik misyon sa yo te santi kask ble Nasyonzini yo te echwe nan misyon kenbe lapè a, epi nan kèk ka izole, te menm eksplwate Ayisyen vilnerab ak presyon seksyèl.

Menm si Ayiti tap konplete eleksyon demokratik ak siksè epi transfere pouvwa a de prezidan Aristid ki te tounen sou pouvwa a bay Prezidan Rene Preval (1995-1996) epi nan lòt sans lan (2000-2001), li pa tap fasil pou kenbe lapè ak etadedwa. Pandan dezyèm administrasyon prezidan Aristid la, yon rebelyon ki te gen nan tèt li moun ki te gen lyen ak fòs ki te deyè koudeta 1991 a te manniganse twoub politik, yo te fini pa provoke depa Prezidan Aristid 29 fevriye 2004. Menm jou sa a, Rezolisyon 1529 konsèy sekirite Nasyonzini a te otorize fòs enterim miltinasyonal la (MIF). 30 avril 2004, rezolisyon 1542 te etabli Misyon stabilizasyon nasyonzini ann Ayiti (MINUSTAH), li te vin apre MIF la premye jen 2004.