« Deba sou Prezidans Aristid la ak ranvèsman li » Dimmy Hérard

Hérard se yon kandida doktora nan depatman Politik ak relasyon entènasyonal nan Florida International University. Tèz li pral chita sou demokrasi ak politik ann Ayiti.

7 fevriye 2001, Jan-Bètran Aristid te tounen nan palè nasyonal la ankò kòm prezidan Ayiti ki te pase nan eleksyon. Men, nouvo manda l la te plen kontrovès. Pandan opozan politik, ki te gen ladan yo anpil ansyen alye ki te kite pati Aristid la, Fanmi Lavalas, t ap lonje dwèt sou iregilarite nan eleksyon lejislatif me 2000 yo, Fanmi Lavalas te genyen kontwòl palman an, sa ki te bay kòm rezilta yon majorite pou yon sèl pati. Lè yon fin boykote eleksyon prezidansyèl 2000 la ke Aristid te genyen, opozisyon an te fòme yon gouvènman altènatif ki te rele Konvèjans Demokratik (CD).


An 2003, CD te jwenn sipò « Gwoup 184 » (G184), yon amalgam 184 moun, biznis ak òganizasyon biznismèn Andy Apaid Jr. ak Reginald Boulos tap mennen ki te nan gwo opozisyon fèm kont Aristid ak Fanmi Lavalas. Pandan twa prochenn ane yo, Ayiti te pran nan yon enpas politik pandan ekonomi a tap deteryore rapid rapid. Youn nan rezon ki te fè sa se paske Etazini te sispann èd li, paske li te kwè Aristid ak Fanmi Lavalas te gen gwo responsabilite nan enpas politik la.

Enpas la te finalman rezoud 29 fevriye 2004 lè yon òganizasyon paramilitè ki te gen ansyen solda ak gang ladan li, ak yon ansyen chèf polis, Guy Philippe nan tèt li, te pran vil kapital Ayiti a, epi Aristid te monte yon avyon Etazini ki te mennen l ann egzil nan Repiblik SantAfrik. Depi lè a, gen gwo deba sou evenman ki te kondui nan ranvèsman Aristid lan. Otè tankou Paul Farmer, Peter Hallward ak Jeb Sprague panse ke G184 la te fini pa sèvi enterè sektè afè ameriken an pandan Etazini te koupe èd epi te pase sou, te menm aprouve desizyon G184 ak CD pou yo pat kowopere ak prezidan Ayiti ki te pase nan eleksyon an ansanm ak Fanmi Lavalas. Otè tankou Randall Robinson menm kwè se “kidnape” yo te kidnape Aristid jou yo te mete l abò avyon Etazini ki te mennen l an egzil la. Men, lòt chèchè tankou Alex Dupuy ak Robert Fatton kwè Aristid te anpati responsab pou pwòp ranvèsman li paske li pat kapab oubyen pat vle kenbe alyans tradisyonèl ak group tankou Organisation du Peuple en Lutte (OPL). Epitou, lè li te ankouraje anbago Etazini a ant 1993 ak 1994 epi apre sa te reziste refòm komès liberal Etazini te prezante kòm kondisyon pou entèvansyon militè pou remete Aristid sou pouvwa a an 1994, Aristid te alyene kominote biznis Ayiti a ki te gen anpil pouvwa. Pandanstan, otè tankou Michael Deibert bay agiman ke anpil Ayisyen te vin pa kontan ak Aristid paske li te angaje gang nan lari, ki pot non chimè pou entimide epi elimine pa sèlman opozan politik, men tou ansyen alye ki pat fiks nan fidelite yo. Yo kwè tou ke Aristid enplike nan yon skandal blanchiman lajan telekominikasyon.