« Tranblemanntè 2010 la » Claire Antone Payton

Payton se etidyan doktora nan depatman Istwa Duke University. Se li ki kreye Haiti Memory Project ki anrejistre temwayaj sou tranblemanntè 2010 la.


Enpòtans tranblemanntè 12 janvye 2010 la kòm evenman istorik soti nan santenn milye moun ki mouri, epi nan gwo michan enpak li te genyen sou vi fanm ak gason ki te siviv yo. Nan anpil ka, pou nou konprann jan moun sonje dezas sa a, fòk nou konfronte wòl relijyon jwe nan fòme eksperyans. Tèks ki pral suiv yo bay yon ide sou diferan fason moun te fè eksperyans dezas la atravè pwòp spirityalite pa yo.

Yon nèg mwen te rankontre an novanm 2010 nan Site Solèy te sonje lapriyè tranblemanntè a te ba l enspirasyon pou l lapriyè, men yon lapriyè ki pat sanble ak sak te antoure l yo : « Mwen te nan katye m. Lè m chita, mwen wè tè a tranble. « ‘Mwen se yon tranblemanntè !’ Men lè m wè tè a tap tranble twòp, mwen fè lapè m ak lanmò. Mwen te pè tou, paske latè a tap tranble twòp. Mwen te wè lanmò devan m. Latè a te tranble twòp. Kay tonbe. Atè a tranble. Lè l te sispann tranble, mwen te kanpe epi mache nan direksyon kay mwen. Moun te ajenou : ‘Manman Mari, Jezi, Jezi, sove m, sove m.’ Mwen pat di sa. Mwen te lapriyè bay latè, paske se toujou bay latè mwen fè priyè m. Se nan latè mwen soti, epi se nan latè map tounen. Mwen mete dwèt mwen sou kè m. Mwen di : ‘Latè, ou se lanmou m. Pwoteje m tou pandan evenman sa yo. Mwen sipliye w, seyè, ke pouvwa toupuisan w lan ede m, ke l pirifye kè m, epi proteje m fas a kòlè w. Amèn, amèn, amèn.’ Mwen fè priyè sa a twa fwa, epi m tounen lakay mwen, san prese. »

An jen 2010, yon jèn etidyan nan jeni sivil, Françoise Erylne, te pataje souvni l de lekòl li ki te efondre epi antere li menm ak kamarad klas li anba dekonm: « Mwen di, ‘Bondye mwen.’ Epi tout moun kòmanse kouri, epi mwen menm, mwen ret chita, mwen di ‘Jezi ! Jezi ! Jezi !’ Apre sa, mwen pa konn sa kap pase ankò. Mwen tande bwi sèlman, rèl, etidyan kap rele ‘Jezi ! Jezi ! Jezi !’ Epi kab, mi, blòk, tout sa tonbe. Se… se bagay ou pa ka kwè. Nan moman sa a, mwen… mwen pa konn kote m ye ankò, sa kap pase. Mwen annik tande rele ki fò anpil, anpil, anpil. Etidyan kap rele fò anpil, anpil, e mwen, map rele pifò toujou, ‘Jezi! Jezi ! Jezi ! Jezi !’ Gen kab, mi, tout sa, krak, krak, krak, mwen santi li… konsa, e apre sa mwen retrouve mwen anba siman. Ak nen m plen, zorèy mwen plen grenn sab ak tout bagay, epi mwen wè gen twa lòt etidyan bò kote m kap rele byen fò ‘Kisa nou pral fè ? Kijan ? Kijan pou nou soti la a ?’ Epi yap kriye. Te genyen, te genyen de ou twa ki tap kriye byen fò, epi mwen di yo, ‘Non, pa kriye paske Bondye ap vin delivre nou aswè a si se volonte l. E si se volonte l pou nou mouri, enbyen nou tout ap mouri la a.’