« ONG yo » -- Mark Schuller

Schuller se pwofesè adjwen antwopoloji ak devlopman lidèchip ONG nan Northern Illinois University epi li afilye ak Fakilte Etnoloji Inivèsite Deta Dayiti. Li pami moun ki te fè “Poto-Mitan” epi li ekri Tectonic Shifts (2012) ak Killing with Kindness (2012).

Ayiti se youn nan peyi ki pi ONGize nan lemonn; tout tan yo di se Ayiti ki gen « plis ONG pa tèt moun » Akòz gwo vizibilite ak santralite yo, ONG vin tounen sijè konvèsasyon, analiz ak kritik. Sitou apre tranblemanntè a, yo vin konn Ayiti kòm “Repiblik ONG.” Sa se vre pa sèlman paske Òganizasyon Non-Gouvènmantal (ONG) yo ap jwe wòl santral ann Ayiti menm jan ak lòt kote. An 2009, anvwaye spesyal Nasyonzini a, Bill Clinton te di selon estimasyon pa l, te gen 10,000 ONG ki tap travay nan peyi a, ki fè li te remèt an kesyon sans tèm lan. Menm si yo idantifye yo sitou apati kisa yo pa ye, gen plizyè tantativ ki fèt pou konprann epi debalonnen varyete strikti prive sa yo ki pa sispann ogmante. Ann Ayiti, premye etid ki gen longè liv ki te fèt sou ONG se chèchè sou zafè ONG ki te enplike nan GRAMIR (Groupe Reflection et Action dans le Milieu Rural) ki te fè l an 1989. Otè yo te etabli yon chema klasifikasyon ki te gen kat pati ladan l, etidyan metriz nan Fakilte Etnoloji, Sauveur Pierre Etienne, te yon ti jan adapte l, epi li te kapte santiman anpil moun ak tit pwovakatè li a (‘envazyon’ ONG yo). Lòt chèchè ayisyen tankou defen Janil Lwijis (ke yo te asasine 12 janvye 2010) te pouse kritik la pi lwen toujou.

Se ak yon dekrè desanm 1982 yo te rekonèt ONG yo nan fason ofisyèl. Nanfi te modifye l an septanm 1989. Sa ki enpòtan, ONG yo oblije apolitik, pa fèt pou fè pwofi epi fòk yo sèvi ak mwayen spesifik nan travay yo pou devlopman. Ministè Planifikasyon an (MPCE) atravè yon biwo spesifik ki rele UCAONG reponsab rekonesans ofisyèl ak sipèvizyon aktivite ONG yo. Kantite ONG ki te enskri ofisyèlman te nan zòn 400 nan moman tranblemanntè a. Toudenkou, te gen yon ogmantasyon ONG yo nan peryòd ki te vin tousuit apre depa Divalye, pandan peryòd dechoukaj la, epi yon lòt monte apre restorasyon lòd demokratik la an 1994.

ONG yo, ki te kòmanse kòm strikti prive volontè ki te lye ak gwoup relijye transnasyonal epi ki te genyen kòm karakteristik yon sans misyon yo te pataje, kòmanse eklipse gouvènman an nan zafè èd ofisyèl devlopman nan mitan ane 1990 yo, sitou parapòa USAID, men ak lòt bayè bilateral tou. Ak èd sa a, ONG yo vin profesyonalize epi yo vin pi milti-sektoryèl. Yon direktè ONG te di san kache, “esansyèlman, nou ale kote k gen kòb la.” Alòske sous ofisyèl te kòmanse depase kantite don volontè, ONG yo te kouri risk vin enstrimantalize, sèvi ak èd pou lòt bagay, sitou pou aplike politik etranje ofisyèl bayè yo. Yo wè ONG yo tou kòm youn nan opòtinite travay ki bay plis kòb, dabitid yo peye twa fwa salè ajans ki anndan gouvènman Ayisyen an. Gen moun ki kòmanse pale de yon “klas ONG” ki ta nan yon kategori poukont li. Tandans pou etranje bay ONG yo kòb te kontinye. Nan premye deseni 21yèm syèk la, se ONG ki te dirije 90 pousan lekòl ak 80 pousan klinik. Nan kèk zòn, sitou nan zòn riral yo, ONG fin preske ranplase leta nèt.

Fè evalyasyon ONG yo rete yon bagay difisil akòz gwo kantite yo ak divèsite yo, ansanm ak divès manda yo genyen pou yo ranpli. ONG vle di bagay diferan pou moun diferan. Men, sitou apre tranblemanntè a ak milya dola èd ki te pwomèt epi san gwo pwogrè konkrè, yo vin pa twò vle wè ONG yo ann Ayiti. Yo fè grafiti ak chante sou yo. Nasyonzini site kowòdinasyon kòm yon gwo defi anndan sistèm ONG a, ansanm ak nesesite travay anba otorite gouvènman ayisyen an. Depi yo te komisyone premye etid sou ONG yo nan ane 1980, de tèm sa yo tounen souvan, men te vin pi vizib apre tranblemanntè a. Kidonk, avni ONG yo ann Ayiti rete yon bagay ki pa fin klè.