« Desalin, moun li ye a ak mit ki antoure li » (Ashli White, Ph.D.)

​White se Pwofesè asistan nan istwa nan University of Miami. Se li ki ekri liv yo rele Encountering Revolution: Haiti and the Making of the Early Republic (2010).

Prensipal enfòmasyon ki anba yo pale de yon moman enpòtan nan revolisyon Ayiti a. Pandan Desalin te alatèt Lame endijèn nan, objektif la se te kite estad revolisyon an pou antre nan yon lit pou endepandans peyi a. An 1802, Napoleyon Bonapat voye bofrè li, Chal Viktò Emanyèl Leklè, vini avèk yon gwo lame Sendomeng. Enstriksyon yo te ba li se pou remete lòd nan koloni an, e kòm yon pati nan travay li se te sa, li fè arete epi depòte gouvènè jeneral Tousen Louvèti. Men pwofesi Tousen te fè ki te di: « Pyebwa libète a ap grandi gras ak rasin li yo » te akonpli nan Desalin lè li te pran tèt lame Tousen te ap dirije a e mennen pi lwen revolisyon li (Tousen) te ap pousuiv la. Devan plan batay Napoleyon an, anpil milat ak esklav panse sèl fason pou yo jwenn libète yo se anvayi lame Lafrans lan e pran endepandans yo nan men Metwopòl la.

Dapre tout enfòmasyon, batay ant Lafrans ak Sendomeng lan te yon batay sovaj. E apre Desalin fin konbat ènmi li yo, pou li asire endepandans peyi a li arete epi pini moun ki te ap apiye ansyen rejim nan. Nouvèl pou egzekite blan ki an Ayiti yo te rive nan tout Atlantik la, e blan yo te santi yo endiye. Pou konpòtman rasis yo a, ansyen esklav yo fè konnen touye blan yo se yon bagay nòmal, fè sa se vanje pwòp tèt yo. E se la tou blan yo pwopaje ide rasis ke nwa ak milat yo pat prepare pou yo pran endepandans ak pwòp sitwayènte yo.  Desalin, li menm, yo pa te byen wè li sou plan entènasyonal men li te defann aksyon li yo ak fos lè li di: « endepandans lan pa yon kado se fòs ponyèt nou ki ba nou li… Mwen sove peyi mwen. Mwen vanje  Amerik  ».