«« Dilèm Ekonomi Ayiti a (Victor Bulmer-Thomas, Ph.D.)

Bulmer-Thomas se pwofesè retrete e manm kò anseyan ki pi ansyen nan Enstiti pou etid sou Amerik nan London University. Li ekri plizyè liv, tankou The Economic History of the Caribbean since the Napoleonic Wars (2012).

Nan lane 1890, Ayiti te akonpli kèk siksè nan jesyon ekonomi li ak yon lajan ki estab, yon bidjè ekilibre ak yon lajisman tou piti. Li te ekspòte prensipalman kafe ki te ale nan peyi Lafrans menm lè pi fò ladan te re-ekspòte nan peyi Almay. Kafe a te vann chè akoz gou li, yo te vann li ak yon ti degi sou lòt kafe yo.

Men ekonomi Ayiti a te vin chita twòp sou kafe a. Sèl pwodui sa a te reprezante plis pase swasanndis ak katreven  80 pousan gany espòtasyon, sa ki te tou peye pou enpòtasyon tou. Nan menm moman sa a, taks sou enpòtasyon ak ekspòtayson kafe te reprezante 99 pousan revni piblik la.


Kidonk, Ayiti te ap vilnerab anpil si pri kafe a ta bese. Sa te kòmanse bese nèt an 1980 paske Brezil, pi gran ekspòtatè kafe nan mond nan, te pwodui plis pase kantite yo te bezwen pou yo konsome. Oken lòt volim pwodui yo te espòte pa te ka bouche twou bès pri sa a te pwovoke. Epi ekspòtasyon Ayiti yo te tonbe la menm. Sa ki te trennen byen vit dèyè li yon bès nan enpòtasyon epi yon bès a pik nan revni piblik la. Gouvènman ayisyen an te ap  redi pou peye enterè dèt li yo, se la yon chemen te tou trase pou entèvansyon militè ameriken yo nan lane 1915.