« Nouvo Palè Nasyonal la » (Georges Corvington, Ph.D.)

Georges Corvington se yon istoryen ayisyen ki repite, li ekri anpil liv sou Ayiti. Pi patikilyèman sèt volim travay li yo sou tit Port-au-Prince au cours des ans (1970-1992).

Menm jou palè a boule a, palman an te rankontre pou eli yon nouvo prezidan, Tankrèd Ogis, ki te zanmi pèsonel ansyen prezidan an e ki te demontre karaktè li ak enèji li nan sèvis li te bay de ansyen prezidan Flòvil Ipolit ak Tirezyas Simon Sam. Tankou Lekont, li te enplike nan yon eskandal labank sou Simon Sam e lakou kriminèl nan pòtoprens te kondane l. Men, apre sa, Nò Aleksi te padone li. E menm jan ak Lekont li te montre yon dezi sensè pou li te lave non li. Sa te evidan pou tout moun lè kòm nouvo lidè Ayiti li te kenbe twa ansyen minis ki te byen sèvi ansyen prezidan an.


Yon fwa yo te eli Tankrèd Ogis prezidan, li te deplase prezidans lan nan kay prive li nan Bwa Vena (nan nòdès, tou pre fwontyè dominiken). Men, apre, nan dat 17 septanm (1912) li te ale Pedchoz tou pre Pòtoprens.

Rekonstriksyon palè nasyonal la te yon priyorite nan plan Tankrèd Ogis yo. Plizyè jou apre yo te fin eli nouvo prezidan an, lejislati a te prete 100 000 dola pou yo te ka konstwi yon lòt palè ki ta dwe « genyen tout komodite modèn yo e ki p ap pran dife » yo te chwazi achitèk Leyon Maton pou sipèvize pwojè a. Men yo te deside depi lè a pwojè a twò enpòtan, kidonk sa te ap mye pou yo fè yon konpetisyon piblik [pou yo detèmine ki achitèk ki fè pi bon pwopozisyon an].


Nan dat 30 oktòb, Le Moniteur te anonse konpetisyon an. Plizyè achitèk, ayisyen kon etranje, te vle patisipe. Nan de semèn kandida yo te soumèt 21 plan ak desen bay chanm depite a. Men yo te elimine majorite plan yo, se senk nan yo sèlman ki te rete  nan tou preliminè a. Nan jounal Le Matin, yo te ap dekòtike divès plan yo. Jounal la te prezante yon pwopozisyon avèk ti non « Petit Nid » [ti Nich la] e li te dekri li konsa: « Ti Nich se yon palè enperyal… se pa palè sa a nou vle. Achitèk la se etranje ki te fòme li, etranje sa a kapab se yon mèt wi men ki pa konprann sa nou bezwen, se yon palè enpresyonan san dout. Men youn [ou ta dwe espere wè] nan yon vil etranje avèk tout konfò ou ka gen bezwen yon kote ki frèt. Sa klè depi sou chemine a ki kanpe sou tèt kay la ». Anba yon kritik sevè konsa, pwopozisyon sa a pa te gen okenn chans genyen.