« MINUSTAH » Chelsey Kivland

Kivland resevwa bous postdoktoral Robert A. and Catherine L. McKennan ann Antropoloji nan Dartmouth College. Liv li a ki pral parèt pral analize òganizasyon jèn, sosyete spirityèl, bann nan lari ak gang nan vil Ayiti yo.


Premye jen 2004, yo te mete ann aplikasyon Misyon nasyonzini pou Stabilizasyon ann Ayiti (MINUSTAH) kòm senkyèm misyon kask ble ann Ayiti e se li ka la kounyè a. Sou uit lane a, MINUSTAH jwe plizyè wòl. Li aji kòm efò kont rebelyon, kòm kò devlopman, fòs polis sivil epi ajans imànitè. Yo ba l kredi kòmkwa se li ki met fen nan soulèvman ak vyolans apre koudeta a epi se li ki fasilite premye transfè demokratik pouvwa a ant pati ki ann opozisyon youn ak lòt. Men, misyon an resevwa tou anpil kritik jeneralize pou jan li vyole dwa moun, mine sektè piblik la epi deklanche epidemi kolera a.

Rezolisyon 1542 konsèy sekirite nasyonzini (30 avril 2004) te otorize deplwaman 6,700 pèsonèl militè ak 1,622 pèsonèl polis ki te soti nan peyi ki te pran angajman pou sèvi nan misyon lapè Nasyonzini yo. Se ofisyèl Brezilyen ak Chilyen ki nan tèt kò a epi li gen ladan l solda ki soti nan senkant peyi diferan. Gen anpil nan yo ki soti nan plizyè peyi Amerik Latin epitou Jordani, Nepal ak Sri Lanka. Se pwòp gouvènman pa yo ki peye twoup yo ak fon peyi manm Nasyonzini yo.

MINUSTAH te vin apre Fòs Enterimè Entènasyonal la ki te gen Etazini nan tèt li. Li te etabli apre Prezidan Aristid te kite Ayiti pou egzil nan mitan twoub politik jeneralize. Manda orijinal MINUSTAH a se te pou l apiye gouvènman tranzisyon an nan kreye yon anvironman stab epi ki te an sekirite. Tach sa a te chita sou dezameman ak demobilizasyon moun ki te gen zam nan men yo ki te konteste koudeta kont Aristid la ansanm ak gang kriminèl ki te pran fil nan dezòd politik la. MINUSTAH te gen otorizasyon pou l sèvi ak fòs nan plizyè desant nan katye popilè, tankou Bèlè ak Site Solèy, kote Aristid te ranfòse baz sipò li yo. Etid endepandan sou misyon an te fe rapò kote yo di MINUSTAH te sèvi ak twòp fòs pandan desant sa yo epi li te fè abi sou moun. Soti septann 2004 pou rive janvye 2005, yo te touye nenpòt 400 moun. Men, moun kap defann misyon an di desant sa yo te reyisi fini ak mouvman opozisyon an epi remete lòd nan peyi a.


Apati 2004, MINUSTAH vin entegre travay sekirite ak devlopman nan yon manda pou kreye yon anvironman ki pozitif pou prosedi demokratik epi pou envèstisman biznis. Yo te fè patenarya ak fòs polis nasyonal ak egzekitif pou ranfòse etadedwa ak eleksyon, epitou ansanm ak ajans Nasyonzini, ajans èd gouvènman ak ONG nan egzekisyon pwojè devlopman. Efò sa yo te gen pou objektif pou ranfòse kapasite leta a pandan yo tap chèche jwenn sipò popilasyon an. Men, plizyè kritik fè konnen misyon an te febli otorite ak kontwòl gouvènman an plis toujou lè li te jwe wòl li ta dwe jwe a epi met men sou fon èd yo.

Tranblemanntè 2010 la te make yon moman desizif pou MINUSTAH. Staf administratif la te soufri gwo pèt lè katye jeneral misyon an te efondre. Malgre sa, MINUSTAH te lanse operasyon sekou rapid rapid ansanm ak Etazini ak lòt gouvènman. Rezolisyon 1908 te otorize yon lòt 3,500 twoup pou bay sipò imedya pou sekou ak rekonstriksyon.

Epidemi kolera a ki te anvayi Ayiti di mwa apre tranblemanntè a, nan mitan oktòb 2010, te lye ak twoup MINUSTAH ki te stasyone Mibalè, bò kote yon afliyan rivyè Latibonit. Rive nan dat jodi a, maladi a enfekte plis pase 500,000 moun epi touye kèk 8,000. Nasyonzini te deklare kondisyon sanitè yo pat bon ase pou yo te anpeche rivyè a kontamine, men te refize rekonèt twoup MINUSTAH kòm sous maladi a. Epidemi a ansanm ak refi Nasyonzini pou aksepte responsabilite te pwovoke manifestasyon anti-MINUSTAH nan tout peyi a. 12 oktòb 2012, rezolisyon 2070 Nasyonzini a te otorize yon rediksyon nan twoup yo pou rive nan kantite ki pi piti a depi li te kòmanse, sa ki fè anpil moun antisipe yon retrè konplè nan pa twò lontan.