X. Sòti 1957 pou rive 1985

Lò yo ranvèse prezidan Pòl Maglwa an 1956, ankenn prezidan pa t ka rete sou pouvwa a jiskaske Franswa Divalye, yon doktè nwaris ki te nan gouvènman Dimasè Estime a, monte o pouvwa avèk sipò militè yo an 1957. Antank prezidan, Divalye mete yon milis sou pye, Tonton Makout yo, pou l ka teworize opozan l yo. Sou Divalye, leta te pèsekite tout moun ki te ka kritike l, tankou sendika travayè, mouvman fanm, ak legliz katolik. Divalye monte Asanble Nasyonal Ayiti a yon jan pou li ka fèmen bouch moun k ap pwoteste, li itilize travo piblik pou pran lajan leta. Ni prezidan ameriken an, John F. Kennedy, ni prezidan dominiken an, Juan Bosch, te kont Divalye, yo te prèske pran aksyon pou ranvèse l. Men lò militè dominiken mete Bosch atè, e lè Kennedy vin mouri asasinen, tansyon yo vin desann, epi Divalye rete sou pouvwa a. Etazini te menm voye èd pou asire yo Ayiti pa t ap vire nan kominis.

Apre yon konplikasyon kadyak touye Franswa Divalye an 1971, pitit gason li, Jan-Klod vin prezidan. Jan-Klod pa t twò enterese nan ideyoloji nwaris papa l la. Olye sa, li te pwomèt pou l amelyore ekonomi a, alòske fanmi li ak tout li menm t ap foure men nan lajan leta. An 1981, endistri touris ayisyen an te pran yon move kou lè kominote medikal ameriken an fè erè deklare Ayisyen kòm youn nan kat gwoup ki te responsab epidemi SIDA a. Ane apre a, kominote entènasyonal la mande Divalye touye kochon kreyòl yo pou yo ka elimine maladi lafyèv kochon te bay. Peyizan yo ki te deja gen pwoblèm akòz ewozyon tè a, vin twouve yo san betay. Anpil nan yo abandone tè a pou yo enstale Pòtoprens ki vin pran anpil ekstansyon. Lè Divalye wè ekonomi a tèt anba, li al kote Bank Mondyal ki ankouraje l fè popilasyon peyi d Ayiti a travay nan endistri asanblaj.  Ayisyen yo retwouve yo kwense ant represyon politik ak katastwòf ekonomik. Anpil te pito pran gwo risk brave lanmè nan yon seri ti bato pou yo eseye rive nan peyi Etazini. Anpil ayisyen neye, men sa ki pa t mouri yo, yo te depòte yo, malgre sèten Ameriken, ki te konprann ka yo, te pwoteste. Sa yo pa t voye tounen, yo te oblije aprann viv ak move jan yo kontre chak jou, men yo pa t dekouraje e yo rive monte nouvo kominote, tankou sa pase Miyami.